Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Ranpòte Pri Nobèl Lapè 2012 la


Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Jose Manuel Barroso (agoch) ap resevwa yon bouke flè nan men Atle Leikvoll, anbasadè peyi Nòvèj nan Inyon Ewòp la, nan kaye jeneral Inyon an nan Brisèl (12 oktòb 2012.
Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Jose Manuel Barroso (agoch) ap resevwa yon bouke flè nan men Atle Leikvoll, anbasadè peyi Nòvèj nan Inyon Ewòp la, nan kaye jeneral Inyon an nan Brisèl (12 oktòb 2012.
Komite Pri Nobèl la anonse vandredi 12 oktòb 2012 la nan vil Oslo, kapital peyi Nòvèj, li deside remèt Pri Nobèl Lapè ane 2012 la bay Inyon Ewòp la pou kontribisyon li nan avansman koz lapè, demokrasi ak dwamoun sou kontinan ewopeyen an. Nan yon deklarasyon ki akonpaye anons la, komite a fè konnen --nap site:

“Inyon Ewòp la ak prensipal manm li yo te travay di, pandan 60 lane, pou yo kore koz lapè, demokrasi ak dwa kretyen vivan sou kontinan ewopeyen an”, fen sitasyon.

Deklarasyon an kontinye pou l di menmsi, jounen jodi a, Inyon Ewòp la ap travèse moman difisil nan domèn ekonomik la ak kèk boulvèsman sou plan sosyal la, komite Nobèl la vle fikse atansyon n sou wòl lidè Inyon an te jwe nan efò ki te fèt pou transfòme Lewòp, yon kontinan kote lagè tap dewoule, pou fè l tounen yon kontinan kote lapè ap fleri.
XS
SM
MD
LG