Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Prezidan Chavez Nonmen yon Nouvo Vis-Prezidan


Nan Venezuela, Prezidan Hugo Chavez nonmen minis afè etranjè a, Nicolas Maduro, kòm nouvo vis-prezidan.

Mesye Chavez fè anons nominaswyon Maduro a kèlke jou apre li ranpòte eleksyon ki bay l yon 4e manda sou pouvwa a ---sa ki pral fè l 14 zan kòm prezidan Venezuela.

Prezidan Chavez onore Misye Maduro, ki gen 49 van, se yon manm Konsèy Nasyonal Elektoral la kotel l prezante tèt li kòm yon ansyen-ansyen alye, yon sèvitè leta lwayal.

Anpil obsèvatè konsidere Nicolas Maduro kòm yon posib siksesè Mesye Chavez k ap goumen ak maladi kansè depi ane pase.
XS
SM
MD
LG