Accessibility links

Breaking News

Amnesty Internasyonal Denonse Plis Ka Degèpisman Ilegal nan Lachin


Amnesty International fè konnen, pandan 24 mwa ki pase yo, ka kote otorite lokal yo nan peyi Lachin itilize lafòs pou yo fè moun kite kay yo oubyen katye kote yo t ap viv, se ka ki ogmante anpil.

Otorite yo poze zak sa yo nan moman yo bezwen lajan pou yo peye dèt yo; se konsa yo sezi pwopriyete senp sitwayen pou yo vann ak konpayi kap travay pou yo devlope vil yo oubyen vilaj yo.

Daprè yon rapò Amnesty Internasyonal pibliye jedi 11 oktòb 2012 la, zak sa yo –ki fèt ni nan vil yo, ni nan zòn rural yo-- mache ak kout-baton, zak nuisans ak prizon.

Pami viktim yo gen moun ki menm arive mouri.
XS
SM
MD
LG