Accessibility links

Breaking News

Amnisty Internasyonal Denonse Plis Ka Degèpisman Ilegal nan Lachin


Drapo peyi Lachin
Drapo peyi Lachin
Amnisty International fè konnen, pandan 24 mwa ki pase yo, ka kote otorite lokal yo nan peyi Lachin itilize lafòs pou yo fè moun kite kay yo oubyen katye kote yo tap viv, se ka ki ogmante anpil. Otorite yo poze zak sa yo nan moman yo bezwen lajan pou yo peye dèt yo; se konsa yo sezi pwopriyete senp sitwayen pou yo vann ak konpayi kap travay pou yo devlope vil yo oubyen vilaj yo.

Daprè yon rapò Amnisty Internasyonal pibliye jedi 11 oktòb 2012 la, zak sa yo –ki fèt ni nan vil yo, ni nan zòn riral yo-- mache ak kout-baton, zak nuisans ak prizon. Pami viktim yo gen moun ki menm arive mouri.
XS
SM
MD
LG