Accessibility links

Breaking News

Tiki Detounen yon Avyon Siryen; Moskou Mande Eksplikasyon

Avyon siryen lame peyi Tiki te fòse ateri nan ayewopò Esenboga nan vil Ankara, Tiki, nan dat 10 Oct. , 2012 la.
Avyon siryen lame peyi Tiki te fòse ateri nan ayewopò Esenboga nan vil Ankara, Tiki, nan dat 10 Oct. , 2012 la.
Nouvèl ki sòti nan Moskou fè konnen Larisi mande gouvènman peyi Tiki eksplikasyon poutèt lame tik la detounen yon avyon pasaje siryen pou fè l ateri nan Ankara, nan Tiki, alòske li te sòti Moskou pou l ale Damas, kapital Siri.

Nan yon deklarasyon Ministè Afè Etranjè ris la fè parèt jedi 11 oktòb 2012 la, li di aksyon lame peyi Tiki poze a te menase lavi ak sekirite pasaje ki te abò aparèy la –pami yo te genyen 17 sitwayen ris.

Avyon siryen an, ki tap transpòte 30 moun antou, te jwenn pèmisyon pou l kontinye vwayaj li jiska Siri bonè nan jounen jedi a, aprè otorite tik yo te fin konfiske sa yo konsidere kòm machandiz ilegal.
This item is part of
XS
SM
MD
LG