Accessibility links

Breaking News

Pakistan: Medsen Retire Avèk Siksè Bal ki te nan Kò yon Ti Fi 14 zan


Nan Pakistan, medsen yo retire avèk siksè bal ki te nan kò yon ti fi 14 zan Taliban yo te tire paske li te pale kont gwoup militan an e li t ap fè pwomosyon pou edikasyon medam yo.

Malala Yousufzai te nan kondisyon grav aprè nèg ak zam te tire l nan tèt ak nan kou pandan li t ap monte yon otobis pou l al lekòl nan Valley Swat madi 9 oktòb la. 2 lòt ti fi te blese nan atak la.

Medsen nan yon lopital militè retire bal la nan kou ti fi a aprè li te develope konplikasyon .

Yo di l ap ameliore, men li toujou san konesans. Taliban yo pran responsabilite pou fiziyad sa a.
XS
SM
MD
LG