Premye konpayi prive ki voye yon aparèy nan estasyon espasyal entènasyonal la kòmanse premye misyon ni pou l livre yon kago nan laboratwa espasyal la nan kad yon kontra 1 milya 600 milyon dola li siyen avek ajans espasyal Lèzetazini an, La NASA.
Aparèy la se yon fize ki rele Falcon 9; konpayi ki fabrike l la rele SpaceX e li gen baz li nan Eta Kalifòni. Falcon 9 dekole byen ta dimanch 7 oktòb 2012 la nan Cape Canaveral, nan Eta Florid, nan pati sidès Lèzetazini ; li pote avèk li yon kapsil ki rele Dragon. Konpayi an prevwa Falcon 9 pral arime avèk estasyon espasyal la byen bonè mèkredi 10 oktòb la.
Dragon genyen abò li 455 kilo pwovizyon ki pral sòti ladan n pou antre nan laboratwa espasyal la. Responsab misyon an atann yo aske Falcon 9 retounen sou latè avèk materyèl kap peze preske 2 fwa la valè.