Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Martelly ak Manm Palman sou Pwoblèm Peyi d Ayiti


Prezidan Michel Martelly rankontre yon group palmantè nan wikenn nan pou yo te abòde pwoblèm ijan peyi a ap konfwonte e anvizaje solisyon pou yo.
Minis asyisyen ki responsab lyezon ant Palman an ak Pouvwa ekzekitif la, Ralph Theano, fè konnen chak pati te montre kòdyalite pou lòt la pandan rankont sa a ki te dewoule nan otèl de plaj Club Indigo.

Misye Theano fè konnen deba yo dewoule sou pwoblèm tankou lavi chè a, ogmantasyon pwodiksyon nasyonal la epi envestisman nan pwogram sosyal ki pou bay moun travay nan peyi a. Daprè minis la toujou, sa pa ta dwe pran twòp tan pou pwopozisyon ki fèt nan rankont la kòmanse materyalize. Menm nouvèl la fè konnen palmantè ki te patisipe nan chita-pale sa a gen pou pibliye anvan kontan yon rapò sou desizyon 2 pati yo rive pran nan Club Indigo.

Yon lòt kote, toujou ann Ayiti, anbasadè meksiken an nan Pòtoprens, Luis Manuel Lopez Moreno, fè yon toune nan vil Okay nan wikenn nan pou l te vizite kèk pwojè peyi li ap finanse. Misye Lopoz Moreno, ki pale ak laprès pandan sejou li nan Depatman Sid la, pwofite anonse Meksik pral finanse konstriksyon yon lekòl vokasyonèl nan vil Aquin avèk lajan sektè prive meksiken an pral bay ; se konsa tou Meksik vle finanse konstriksyon yon lopital ak yon mache piblik nan vil Jeremi. Diplomat la kontinye pou l di peyi li genyen plan pou l fè menm tip konstriksyon sa yo nan Depatman Nò, Sant ak Lwès.

Anfen, depite sikonskripsyon Mirebalais/Boukan Kare a, Abel Descollines, denonse sa li konsidere kòm ankourajman mal plase kèk sektèk ap bay popilasyon an pou l pran lari e manifeste kont gouvènman an akoz lavi chè ak chomaj. Daprè Misye Descollines, chomaj ak lavichè se yon fenomèn mondyal; alòs tout sektè ta dwe jwenn li nòmal pou yo bay otorite yo tan ki nesesè pou yo fè fas ak yon seri de pwoblèm ke menm peyi rich yo, tankou Lalmay pa egzanp, ap konfwonte.
XS
SM
MD
LG