Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl: Premye Diskou Mitt Romney sou Politik Entènasyonal Lèzetazini


Kandida Pati Repibliken an, Mitt Romney, ap bay Prezidan Barack Obama lanmen nan fen premye deba prezidansyèl pou eleksyon 2012 la (Denver, 3 oktòb 2012).
Kandida Pati Repibliken an, Mitt Romney, ap bay Prezidan Barack Obama lanmen nan fen premye deba prezidansyèl pou eleksyon 2012 la (Denver, 3 oktòb 2012).
Ozetazini, Mitt Romney, kandida Pati Repibliken an nan eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan dat 6 novanm pwochen an, pral fè premye diskou li sou politik entènasyonal peyi a nan jounen lendi 8 oktòb 2012 la devan etidyan yon akademi militè nan Eta Vijini. Nan diskou sa a, Misye Romney pral kritike, antwòt, politik administrasyon Obama a vizavi Mwayen Oryan an, epi pwomèt pou l pran yon pozisyon ki pi danm devans sitiyasyon an nan peyi Siri si se li ki ranpòte laviktwa.

Dimanch 7 obtòb la, kandida repibliken an te mennen kanpay nan Eta Florid kote li te pran lapawòl devan yon foul byen chofe nan vil Port Saint Lucy. Kanpay Misye Romney an repran jarèt yon ti kras aprè dewoulman premye deba televize fas-a-fas li fè ak Prezidan Barack Obama a semèn pase a.

Menm dimanch la, Misye Obama te patisipe nan yon maraton pou ranmase lajan kèk gwo vedèt sinema nan Holiwood te òganize nan vil Los Angeles, nan Eta Kalifòni. Prezidan an te pran lapawòl pou yon diskou tou kout kote, antwòt, li pale de pèfòmans vedèt yo pou li fè blag ak fason li menm, li te koresponn ak Mitt Romney nan deba a, yon fason ki fè anpil obsèvatè panse prezidan an pat fè yon tèlman bon travay. Prezidan Obama di –nap site:

« Mesye-dam sa yo e tout moun ki isit la, se pwofesyonèl ekstwòdinè. Yo se bon, bon zanmi mwen. Yo remèt yon pèfòmans zewo fot nuit apre nuit; e m pa kwè m ka di menm bagay la pou tèt pa mwen. »

Misye Obama ap pase jounen lendi a tou nan Kalifòni kote li pral inogire yon estatu ki onore defen Cezar Chavez, lidè mouvman ki te debouche sou kreyasyon Sendika Agrikiltè Ameriken yo. Nan moman rete mwens ke yon mwa pou eleksyon prezidansyèl la dewoule, sondaj yo montre Prezidan Obama toujou gen yon avans sou Mitt Romney; sepandan kandida repibliken an rive diminye eka a aprè deba semèn pase a.
XS
SM
MD
LG