Accessibility links

Breaking News

Yon Ajan Fwontalye Ameriken Mouri Anba Bal sou Fwontyè Lèzetazini ak Meksik


Yon ajan fwontalye ameriken mouri epi yon lòt blese nan yon boukantay kout zam sou fwontyè Lèzetazini ak Meksik la.

Ajan yo pran bal yo byen bonè Madi 2 oktòb la nan moman yo tap fè patwouy nan Dezè Arizona a. Yo te ale nan zòn nan apre youn pami plizyè milye alam elektronik yo enstale sou fwontyè a te deklanche.

Depatman Sekirite Nasyonal Lèzetazini an di responsab yo transpòte ajan ki blese a nan yon lopital. La vi l pa andanje, dapre otorite yo.
XS
SM
MD
LG