Accessibility links

Breaking News

Hong Kong: Sekouris Kontinye Chèche Moun ki pa ta Mouri nan yon Aksidan Bato


Nan Hong Kong , sekouris kontinye ap chèche nan Pò Victoria moun ki pa ta mouri apre kolizyon 2 bato kote gen 36 moun ki pèdi lavi yo nan moman yo ta pral gade demontrasyon “feu dartifis” nan okazyon yon jou konje.

Bato konpayi elektrik Hong Kong nan te koule kèk minit apre l te fè kolizyon ak yon lòt bato yè lendi 1 oktòb la.

Jodi madi a , moun ki te gen manm fanmi yo nan bato-pasajè a ap fè rechèch nan lopital ak mòg nan zòn nan bato sa a ki te gen ladann anviwon 120 moun pami yo manm ekipaj ak pasaje.

Lòt bato a sibi domaj menm li rive akoste san pwoblèm kote li gen kèk manm ekipaj ki resevwa kèk ti blese e kap pran swen lopital.
Li poko klè ki sa ki ta lakoz aksidan an.
XS
SM
MD
LG