Accessibility links

Breaking News

Etazini - Jistis: Arestasyon Pwodiktè Film Ki Pwovoke Manifestasyon nan Mwayen Oryan an


Ozetazini, yon jij federal pase lòd pou yo poze arestasyon epi mete nan prizon swadizan reyalizatè film ki te pwodui yon video ki manke pwofèt relijyon Islam nan, Mahomè, dega –yon film ki pwovoke gwo manifestasyon anti-ameriken nan divès peyi mizilman.

Vrèmanvre, Jij Suzanne Segal pase lòd, jedi 27 septanm 2012 la, pou yo arete e mete nan prizon san kosyon Basseley Nakoula paske misye te vyole kondisyon libète pwovizwa li; lajistis te mete men sou li poutèt li te mele nan yon konplo pou kase yon bank an 2010.

Nan yon jijman ki fèt nan jounen jedi a, Jij Segal deklare Basseley Nakoula pat respekte kondisyon li te aksepte pou lajistis te libere li; daprè jij la toujou, li posib pou misye sove e antre nan kache.
XS
SM
MD
LG