Accessibility links

Breaking News

Iran Pran Angajman Pou l Vanje Nenpòt ki atak


Iran pran angajman pou l vanje nenpòt ki atak apre premye minis izrealyen an Benjamin Netanyahu lanse yon apèl bay lemond antye pou yo trase yon liy klè kont pwogram nikleyè Tehran an .

Anbasadè Iran an nan Nasyonzini, Eshagh al-Habib, akize mesye Netanyahu dèske li fè yon pakèt akizasyon san fondman kont Tehran .

Diplomat iranyen an ensiste pou di pwogram nukleyè peyi-l-la pa gen okenn objetif militè. Pwisans mondyal yo bò kote pa yo di Iran ap chèche fabrike zam nikleyè .

Vrèmanvre, jedi 27 septanm 2012 la mesye Netanyahu te di delege yo nan Asanble Jeneral Nasyonzini yo tan pou lemond stope Iran an preske fini .

Li te itilize imaj yon bonm pou montre sitiasyon Iran an. Mesye Netanyahu negosyasyon k ap fè depi plizyè dizèn lane ak tout sanksyon yo pap reusi kanpe Iran.

Mesye Netanyahu di: " genyen yon sèl fason pou pezibleman anpeche Iran genyen yon bonm atomik se mete yon liy wouj klè sou pwogram zam nikleyè Iran an . Liy wouj la pap debouche sou lagè, liy wouj la ap anpeche lagè."

Avan sa nan semèn nan , prezidan ameriken an Barack Obama te fè konnen Etazini ap fè tout sa ki nesesè pou anpeche Tehran genyen zam nikleyè, men li pa bay Iran okenn iltimatòm. Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton te rankontre yè swa ak mesye Netanyahu. Responsab yo pa bay detay sou rankont la.

Prezidan palestinyen-an, Mahmoud Abbas, lage sou do Izrayèl responsablite echèk pwosesis lapè Mwayen-Noryan an, kote li di eta jwif la rejte solisyon 2 eta a nan entansyon pou koze efondreman otorite palestinyèn nan pa lafòss.

Mesye Abbas te monte sou podyom Nasyonzini an anba yon lapli aplodisman jedi 27 septanm nan a, e li pat pèdi tan pou l kritike Izrayèl li di ki kontinye ap konstwi nouvo lojman nan Si-Jordani ak nan Jeruzalèm ès.

Prezidan otorite palestinyèn nan fè konnen li pa twò ta pou sove pwosesis lapè a.

Li akize Izraèl tou dèske lap mennen yon kanpay netwayaj etnik kont pèp palestinyen an atravè konstruksyon pèpleman jwif yo
XS
SM
MD
LG