Nan peyi Siri, militan yo fè konnen rebèl yo antre nan gwo afwontman ak fòs gouvènman an kote y ap goumen pou kontwòl vil Alèp ki nan nò peyi a.
Rezidan vil la ak militan di batay k ap dewoule se bagay yo pa janm wè avan. Afwontman sa yo fè pati yon nouvèl operasyon rebèl yo ap men-nen pou dechouke sou pouvwa a rejim Bashar al-Assad-la .
Obsèvatwa Dwa Zimen siryen an ki gen baz li nan vil Lond ann Angletè rapòte afwontman nan kèk lòt rejyon nan peyi a tankou Deir Ezzor, Dera’a , Hma an nan kapital la Damas.
Pandansetan minis ki soti nan plizyè peyi oksidantal ak alye yo pral reyini pou diskite sou kowòdinasyon efò nan mitan plizyè pati nan opozisyon siryèn nan .