Accessibility links

Breaking News

ONU: 700 Mil Refijye Kapab Kouri Kite Siri


Ajans refijye Nasyonzini an fè konnen anviwon 700 mil refijye byen kapab kouri kite Siri ke lagè finn ravaje disi fen ane 2012 la.

Ajans refijye Lonu an lanse yon apèl pou l jwenn preske 500 milyon dola, yon lajan ki pral pèmèt li pote asistans bay gwo kantite siryen k ap kite peyi Siri pou travèse nan Jordani, Liban ak Turki ki se 3 peyi vwazen.

Responsab Nasyonzini yo kontinye pou di ; genyen ant 2 mil e 3 mil siryen k ap janbe fwontyè youn nan 3 peyi yo chak jou, e ke kantite refijye moun deja resanse sibi yon ogmantasyon ki despise 600 pousan depi mwa mas pase-a.

Apèl alèd sa-a entèvni apre sa gwoup dwazumen siryen yo konsidere kom jounen kote plis san te koule nan Siri depi konfli a te eklete lotbò a, sa gen 18 mwa.
XS
SM
MD
LG