Accessibility links

Breaking News

Libi - Vyolans: Lame Fèmen Pòt Tout Milis ki tap Fonksyone Ilegalman


Nan peyi Libi, lidè militè yo fè konnen lame pran daso lokal divès milis nan kapital la, Tripoli, aprè gouvènman pwovizwa a te pase lòd pou yo entèdi fonksyonnman tout milis ki pa gen otorizasyon.

Militè yo mache pran lokal milis yo dimanch 23 septanm 2021 la, yon jou aprè prezidan Asanble Nasyonal la, Mohammed el-Magarief, te pran angajman pou l elimine tout milis ak kan militè k ap opere andeyò kontwòl gouvènman an.

Ozama Mohamed se kòmandan yon brigad revolisyonè ki rele Jado, nan Tripoli. Kòmandan Mohamed di:

“Nou lanse apèl bay lòt revolisyonè ki baze nan lokal kouwè pa nou an, pou n mande yo remèt yo bay lame epi retounen nan travay yo tap fè anvan revolisyon an. Tout moun ki ta renmen sèvi gouvènman sa a, yo kapab fè sa ; men se pou yo travay anba yon pouvwa lejitim ; pa egzanp, yo ka retounen nan travay yo tap fè anvan an.”

Nan Samdi, lame te mache pran local tout milis ki te nan Benghanzi, 2èm pi gwo vil nan Libi aprè batay ki te lakoz lanmò 11 moun, tandiske plis pase 60 lòt te blese.

Anvan sa, manifestan te dechouke katye-jeneral yon milis ki rele Ansar al-Shariah, yo te sezi materyèl pou yo montre mekontantman yo ak milis sa a ki, daprè yo, responsab lanmo kèk diplomat ameriken nan kòmansman semèn pase a –pami diplomat sa yo, te genyen anbasadè ameriken an nan Libi, J. Christopher Stevens. Ali Nasar El-Diné, yon sitwayen vil Tripoli, rezime santiman manifestan yo lè li di :

“Nou bouke atò. Nou bezwen yon Depatman Defans; nou bezwen yon Depatman Enteryè, epi nou vle yon lame nasyonal. Nou pa bezwen okenn milis nan peyi isit. Revolisyon an fini. Mohamar Kadhafi ale ; mèsi Bondye ; Bondye nou an gran."

Aprè lanmò Khadafi, se tankou djondjon milis te miltipliye nan peyi Libi, kote yo te mache enstale katye-jeneral sou katye-jeneral, prepare lasnal ki te chaje ak zam otomatik, aparèy lans-grenad, epi machin pick-up ki te plen zam fanm-fwa ladan yo.

Kèk nan manifestan ki te dechouke lokal milis sa yo aprè lanmò anbasadè ameriken J. Christopher Stevens, te pote pannkat an angle ak arab ki di:
“Teworis pa gen plas yo nan nouvo Libi-a” … “Libi pèdi yon bon zanmi."
XS
SM
MD
LG