Accessibility links

Breaking News

Siri - Politik: Prezidan al-Assad di Opozisyon an pap Gen Laviktwa


Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, di konbatan opozisyon an pa pral ranpòte laviktwa nan lit yap mennen kont gouvènman n nan; men li ajoute pòt dyalòg la rete ouvè toujou.

Nan yon entèvyou ki parèt vandredi 21 septanm 2012 la nan jounal Al-Ahram Al-Araby, Misye al-Assad di egzèsis gwoup teworis ame yo ap fè kont leta a pa popilè ditou nan sosyete siryèn nan epi, dayè, se pa yo ki pral ranpòte laviktwa finalman.

Daprè nouvèl la, lidè siryen an kontinie pou l di li toujou dispoze pou l fè dyalòg avèk opozisyon an; men tout moun ki chwazi pran lèzam kont Leta mete tèt yo nan yon konfwontasyon avèk lame peyi a.

Mesye Al-Assad pale konsa nan moman yon gwoup defans dwamoun siryen rapòte lame ap bonbade plizyè rejyon nan pati nò Siri.
XS
SM
MD
LG