Accessibility links

Breaking News

Yon eksplozyon Touye 15 moun nan Kapital Somali a, Mogadishu


Nan kapital Somali a, Mogadishu, 3 eksplozyon pami yo 2 atak kamikaz touye 15 moun pou pi piti e blese plizyè lòt.

Eksplozyon ki fèt nan Mogadishu jedi 20 septanm nan sanble te vize yon restoran ki rele « The Village » yon restoran ki popilè anpil nan mitan jounalis ak anplwaye sivil yo.

Restoran sa a sitiye tou prè yon bilding kote ki gen radio Afilye Lavwadlamerik, radio Kulmiya.

Li pa lòt bò lari kote Teyat Nasyonal la ye a, yon kote nan mwa Avril pase yon atak kamikaz ke gwoup militant al-Shabab la te pran responsabilite pou li te touye 10 moun.

Semèn pase, prezidan Hassan Sheikh Mohamud te soti sen-e-sòf lè 3 atak kamikaz te vize hotèl Mogadishu kote li tap pran la pawòl. Al-shabab te pran responsabilite tou pou atak sa a.
XS
SM
MD
LG