Gwoup defans dwamoun Amnesty International di li gen prèv ki montre lame peyi Siri fèmen je l pou li lanse atak sou popilasyon sivil la.
Mèkredi 19 septanm 2012 la, Amnesty fè parèt yon rapò ki baze sou ankèt li te mennen pi bonè mwa sa a nan vil Idlib, Jabal al-Zawiya avèk rejyon nò pwovens Hama.
Toujou daprè gwoup defans dwamoun nan, fòs militè siryen yo pa sispann bonbade vil ak vilaj avèk zam ki pa gen presizyon e ke yon lame pa ta dwe itilize nan katye rezidansyèl.
Amnesty repete yon seri apèl kèk gwoup defans dwamoun te deja lanse pou mande Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini refere sitiyasyon an nan Siri devan La Wòt Kou Entènasyonal Jistis pou l ka mennen ankèt sou sa Amnesty rele « krim de gè posib ».