Manifestasyon kont yon fim anti-Islam gaye nan kapital Thailand la, Bangkòk ak nan Kashmir ki anba kontwòl endyen an alòske yon gwoup rebèl nan Afganistan pran responsabilite pou yon atak suisid kòm revanj pou videyo a.
Anbasad Etazini nan Bangkòk la fèmen nan mitan jounen an anvan yon manifestasyon ki te planifye, men li di li pat o kouran ni non plis tou pat gen okèn menas ki te vize ameriken yo.
Pwotestasyon ki dewoule nan Srinagar vil prensipal nan Kashmir la te vire an vyolans lè manifestan yo te tonbe voye wòch epi yo te antre nan konfwontasyon avèk la polis.
Pandansetan, branch Afrik di Nò al-Qaida a fè parèt yon deklarasyon kote li mande pou plis atak fèt kont diplomat ameriken yo an reprezay pou fim sa a ki pa koute anpil lajan e ki dekri pwofèt Mahomèt kom yon fwòd, yon moun ki renmen fi, yon agresè ti moun pami tout lòt ensilt.
Gwoup la menase atak nan Algeri, Tunizi, Marok ak Moritani.