Accessibility links

Breaking News

Nouvo Polemik nan Kanpay Elektoral Amerikèn nan


Yon videyo ke yo te anrejistre an kachèt e ki soti sou entèt la montre kandida pati Repibliken pou eleksyon prezidansyèl yo Mitt Romney k ap rejte patizan Prezidan Barack Obama yo nan moman ameriken kwè yo gen dwa pou yo resevwa kèk benefis nan men gouvènman an.

Videyo a ki parèt sou sit entènèt magazinn liberal « Mother Jones » montre mesye Romney k ap pale ak plizyè donatè nan yon reyinyon prive pou ranmase lajan nan mwa me a , jis apre li te resevwa nominasyon pati a .

Romney di: “Genyen 47 pousan ki pral vote pou prezidan an kèlkwa swa sitiyasyon an. Wi, genyen 47 pousan ki avè l, ki depann de gouvènmna an , ki kwè ke yo viktim, ki kwè ke gouvènman an gen responsabilite pou pran swen yo, ki kwè yo gen dwa pou resevwa swen santé , manje, kay pou yo rete eksetera. Se yon dwa, e gouvènman an ta dwe bayo l. E yo pral vote pou prezidan sa a kèlke swa jan sa ye.”

Mesye Romney di odyans la: “mwen pa genyen pou m enkyete m pou moun sa yo paske mwen pap jamè rive konvenk yo pou yo pran responsabilite pèsonèl yo e pran swen moun sa yo.”

Apre piblikasyon kasèt videyo a , mesye Romney fè konnen li t ap eseye mete aksan sou diferans ki genyen ant li menm ak prezidan an, men li admèt ke deklarasyon yo te manke elegans.

Kanpay prezidan Obama a soti yon deklarasyon ki di videyo a “chokan” e ki kritike mesye Romney poutè li ekri ak mepri sou mwatye nan popilasyon peyi a.
Kanpay la prezante mesye Romney kòm yon bizisman multi-milyonè ki pran retrèt ki pa konnen vrè lut ameriken yo ap men-nen chak jou.
XS
SM
MD
LG