Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Japon Siyen yon Akò sou Defans Anti-Misil


Lèzetazini avèk Japon siyen yon akò ki envite Washignton plase rada defans anti-misil sou tèritwa l pou defann Japon kont tout atak ak misil balistik ki ta sòti bò kote Kore de Nò.

Minis defans ameriken an, Leon Panetta, ak kòlèg japonè li a, Satoshi Morimoto, anonse siyati akò a nan Tokyo kote 2 zòm yo te fè yon rankont lendi 17 septanm 2012 l a.

Pandan 2 minis defans yo t ap bay yon konferans pou laprès, youn nan kesyon jounalis te poze se kesyon pou konnen kijan Lèzetazini reyaji e pral kontinye rayaji devan vag vyolans ki pete nan Mwayen Oryan an nan manifestasyon anti-ameriken k ap dewoule nan rejyon an aprè piblikasyon yon film ki manke Pwofèt Mahomè dega –yon film ki te fèt nan Eta Kalifòni.

Misye Panetta deklare:
“Kontinye genyen kèk manifestasyon; men sanble gen yon ti bès nan zak vyolans nou te espere wè toujou pandan yon ti tan. An tou ka, mwen kwè nou fèt pou n kontinye rete vijilan, paske mwen sispèk sa n deja wè la a, manifestansyon sa yo pral kontinye pandan kèk jou ankò, si se pa pandan pi lontan. Kidonk, fok nou rete vijilan pou n swiv sa k pral pase nan peyi sa yo epi chache garanti ke manm pèsonèl anbasad nou yo, moun nou yo gen pwoteksyon "

Pou sa k konsène pwoteksyon misyon diplomatik Lèzetazini nan rejyon an, Pentagòn nan (kidonk Depatman Defans ameriken an) voye 2 bato de gè al pran pozisyon bò kote kòt peyi Libi kote manifestan te atake semèn pase a yon konsila Lèzetazini epi touye 4 diplomat ameriken –pami yo, anbasadè Lèzetazini an nan Libi, J. Christopher Stevens.

Yon ekip mèrin ale tou sou tèritwa peyi Libi ak Yemèn. Lèzetazini te voye yon 3èm ekip militè ale nan peyi Soudan; men gouvènman soudanè a pa kite yo rete, paske, daprè sa misye Pannetta di, otorite yo nan Kartoum panse lame ak lapolis peyi Soudan pou kont yo kapab asire pwoteksyon anbasad amerikèn nan nan peyi a. Pou le moman --toujou daprè chèf Pentagòn nan-- Lèzetazini pa gen plan pou l pran lòt dispozisyon nan sans sa a.

Misye Panetta di:
“Mwen panse, pou le moman, apwòch nou se pa fè anyen jiskaske Depatman Deta va mete yon demand devan nou e di nou nan ki sans pou nou aji."

Aprè Japon, minis defans Leon Panetta genyen pou l ale nan peyi Lachin kote li pral ankouraje otorite yo antre nan yon dyalòg ak lidè peyi vwazen yo pou yo rezoud pasifikman mezantant ki pete ant Peken ak peyi sa yo sou kesyon limit tèritwa nasyonal yo.
XS
SM
MD
LG