Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Alye Lèzetazini apre Atak sou yon Konsila Ameriken nan Libi


Kèk alye Lèzetazini kondane atak ki fèt sou konsila ameriken an nan vil Benghazi, nan Libi, kote Anbasadè J. Christopher Stevens ak 3 lòt diplomat pèdi lavi yo nan jounen madi 11 septanm 2012 la.

Nan Kore di Sid, pòtpawòl Ministè Afè Etranjè a, Cho Tai Young, voye kondoleyans gouvènman an bay fanmi Anbasadè Stevens ak 3 lòt diplomat ki mouri yo. Misye Cho di:

"Se ak tout fòs li Kore di Sid kondane tout fòm vyolans kont diplomat ak misyon diplomatik. Li lanse yon apèl prese-prese bay gouvènman libyen an pou mande l pran tout dispozisyon ki nesesè pou l pwoteje misyon diplomatik ki nan peyi l yo."

Bò kote pa l, Minis Afè Etranjè Ostrali a, Bob Carr, reyaji ak yon deklarasyon kote li fè konnen atak ki fè san koule e ki koze lanmò nan konsila ameriken an nan Benghazi, se yon menas pou tout moun kap eseye tabli yon rapwochman ant diferan pèp sou latè.

Misye Carr di :
"Diplomat se moun kap travay pou jwenn yon solisyon pasifik pou pwoblèm entènasyonal yo. Yo travay pou elimine mezantant ant nasyon yo ak pèp yo. Yo travay pou elimine divizyon epi evite lagè ak konfli. Kidonk, se yon vrè tristès pou nou wè yo touye yon diplomat pandan li tap eseye reyalize misyon li, pandan li tap fè travay li. Se yon bagay ki tris ; se yon vrè trajedi."

Nap raple Anbasadè J. Christopher Stevens ak 3 lòt diplomat ameriken pèdi lavi yo aprè manifestan libyen ki te move kou kong, te ouvè koutzam sou konsila Lèzetazini an nan vil Benghazi, nan pati lès Libi, epi yo mete dife nan lokal la paske yo fache amò poutèt yon film yon sineyas amatè ameriken fè e ki, daprè yo, manke pwofèt relijyon Islam nan, Mawomè, dega.

Sepandan, kèk lòt nouvèl ta fè kwè sete yon atak byen prepare davans e se pa yon aza si li dewoule nan jou anivèsè atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001 an.
XS
SM
MD
LG