Accessibility links

Breaking News

Etazini – Prezidansyèl: Kandida yo Retounen Sou Wout Kanpay Elektoral la


Ozetazini, Prezidan Barack Obama ak advèsè repibliken n nan, Mitt Romney, pare pou yo retounen sou wout kanpay elektoral la aprè yon poz yo te obsève madi 11 septanm nan pou make 11èm anivèsè atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini nan lane 2001 an.

Misye Obama pral nan vil Las Vegas, nan eta Nevada, tandiske misye Romney ak madanm li, Ann, pral mennen kanpay nan Eta Florid kote yo pral dirije yon meeting de mas nan vil Tampa.

Pou kan demokrat la tou, ansyen Prezidan Bill Clinton prale mennen kanpay pou misye Obama nan vil Orlando, nan mitan Eta Florid.

Daprè sondaj ki fèt pami votan ki dispoze al jete bilten yo nan eleksyon ane sa a, Prezidan Obama genyen yon avans nan popilarite li sou Mitt Romney depi konvansyon Pati Demokrat la te fini semèn pase a.

Yon sondaj chèn televizyon ABC fè ansanm ak jounal Washington Post montre 54 pousan ameriken apiye Misye Obama kont 44 pousan pou Misye Romney; tandiske, daprè yon sondaj CNN reyalize ak òganizasyon ORC International, prezidan an genyen yon avantaj 52 pousan e Mitt Romney gen 46 pou san kòm to popilarite.

Rezilta sondaj yo te pi sere aprè dewoulman konvansyon Pati Repibliken-an e anvan dewoulman Konvansyon Pati Demokrat la
XS
SM
MD
LG