Accessibility links

Breaking News

Siri: Lese Frape ant Lame ak Rebèl nan Vil Alèp


Nan Siri, sòlda ak rebèl yo tonbe nan lese-frape nan kapital komèsyal peyi a, Alèp, tou prè ayewopò vil la ki anba men gouvènman an, nan moman batay yo ap ogmante anvan yon vizit nouvo anvwaye Nasyonzini ak Lig Arab la, Lakhdar Brahimi, gen pou l fè nan Siri.

Obsèvatwa siryen pou dwazimen an ki gen baz li nan vil Londr, nan La Grand’Bretay-- ak kèk lòt gwoup militan, di gwo batay pete nan douvanjou jounen mèkredi 12 septnam nan nan rejyon Nayrab, sou yon distans 5 kilomèt ak ayewopò entènasyonal Alèp la.

Ayewopò sa a --ki gen yon baz militè ladan n - se yon pozisyon gouvènman an konn itilize pou l bonbade zòn ki anba men rebèl yo.

Nan semèn ki pase yo, rebèl yo te atake baz militè a nan kad efò y ap fè pou yo anpeche gouvènman an sèvi avèk li pou l lanse atak ayeryen, tandiske yo te kite zòn komèsyal la trankil.

Jiskaprezan, efò diplomatik yo pa rive fè san sispann koule nan Siri; men nouvo anvwaye entènasyonal la gen pwojè pou l ale nan peyi a semèn sa a pou l eseye relanse efò sa yo.
XS
SM
MD
LG