Accessibility links

Breaking News

Pakistan Bay 6 Travayè "Save the Children" Lòd pou yo Kite Peyi a


Pakistan Flag
Pakistan Flag
Pakistan pase lòd pou etranje k ap travay nan òganizasyon charitab “Save the Children” (sove timoun yo) pati kite peyi a.

Yon responsab nan ajans charitab la ki baze isit Ozetazini, Ghulam Qadri, di jounalis yo ministè enteryè a pase lòd pou 6 travayè etranje pati kite peyi a men li pa bay oken lòt detay sou ekspilsyon an .

Gouvènman an ogmante siveyans l ap mennen sou “Save The Children” aprè nouvèl ki te parèt nan media te fè konprann Save the Children te fasilite rankont ant Ajan CIA ak yon doktè Pakistanè, an palan de Shakil Afridi.

Daprè nouvèl yo, se doktè sa a ki te ede sèvis ransèyman Lèzetazini an detere Bin Laden kote li te kache a.

Fòs espesyal ameriken te touye lidè rezo al-Qaida-a, Osama bin Laden nan mwa me 2011 pandan yon desant de lye sekrè nan vilaj Abbottabad nan Pakistan
XS
SM
MD
LG