Accessibility links

Breaking News

Vizit Sekretè Deta Clinton nan Peyi Manm Asosyasyon Nasyon Azi Sidès yo


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, rive nan Briney. Se premye chèf diplomasi Lèzetazini ki al vizite tou lè 10 manm Asosyasyon Nasyon Azi Sidès yo.

Madan Clinton, k ap fè yon virewon nan 6 peyi nan rejyon Azi Pasifik la, ap santre atansyon n plis sou efò Lèzetazini ap fè pou l ankouraje blòk rejyonal la (ANAS) pou l prezante yon fwon ini nan fason peyi sa yo ap jere yon mezantant yo genyen avèk Lachin pou kesyon lizyè fwontyè.

Briney se youn nan peyi ki reklame yon pati nan nan lanmè ki rele “Lanmè Chin meridyonal la” kòm yon zòn ki fè pati tèritwa nasyonal li. Se yon rejyon ki chaje ak resous enèjetik e ki tounen yon pwen cho nan mezantant pou lizyè fwontyè kap bouyi depi kèk tan deja ant Lachin ak peyi vwazen li yo.

Byen bonè jedi 6 septanm 2012 la, chèf diplomasi amerikèn nan te fè yon eskal tou kout nan Timor Ès kote li te di vizit sa a se yon siy klè ki montre Lèzetazini pral rete yon pwisans nan rejyon pasifik la.
XS
SM
MD
LG