Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ejipsyen an Mande Lidè Siryen an Kite Pouvwa a


Prezidan ejipsyen an, Mohamed Morsi, fè konnen lidè siryen an, Bashar al-Assad, ta dwe pran leson nan listwa resan e kite pouvwa a anvan twò ta bare li.

Nan menm moman an, Premye Minis peyi Tiki a, Recep Tayip Erdogan, bò kote pa l, pale pou l di Siri tounen yon “eta teworis” k ap masakre pwòp pèp li ankò.

2 lidè yo pale konsa mèkredi 5 septanm 2012 la nan yon rankont Lig Arab la mete sou pye nan vil Lekèr, kapital Lejip.

Daprè Misye Morsi, Lig Arab la gen obligasyon pou l chache jwenn yon solisyon pou kriz k ap dewoule depi plis pase yon lane edmi deja nan peyi Siri.
XS
SM
MD
LG