Accessibility links

Breaking News

Eksplozyon nan Peshawar, Pakistan: 4 Anplwaye Konsila Ameriken an Blese.


Otorite ak sekouris kouri ale sou plas nan zòn kote eksplozyon an fèt nan Peshawar, Pakistan. - 3 septanm 2012.
Otorite ak sekouris kouri ale sou plas nan zòn kote eksplozyon an fèt nan Peshawar, Pakistan. - 3 septanm 2012.
Abasad amerikèn nan nan Islamabad, kapital Paksitan, fè konnen 2 anplwaye nan konsila ameriken an nan vil Peshawar, ak 2 sitwayen pakistanè kap travay nan konsil la blese lendi 3 septanm 2012 la, nan sa misyon diplomatik la prezante kòm yon zak ki sanble ak yon atak teworis.

2 ameriken yo blese aprè yon machin pyeje ki te chaje ak eksplozif e ki te genyen yon atakan-suisid sou volan li, t al frape ak yon machin konsila a nan Peshawar, yon vil ki nan pati nò peyi a, tou prè fwontyè Pakistan ak Afganistan, nan yon rejyon semi-otonòm kote tribi abite. Daprè otorite lokal yo, 2 pakistanè pou pi piti pèdi lavi yo, tandiske anpil lòt moun blese.

Anvan sa, otorite pakistanè yo te fè konnen atak-suisid la te touye 2 ameriken; men anbasad amerikèn nan te prese demanti nouvèl sa a; li di pa gen pyès sitwayen ameriken ki mouri.
XS
SM
MD
LG