O Meksik, tribinal elektoral siprèm nan rejte plent ki te mande pou l anile viktwa Enrique Pena Nieto ki te ranpòte eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan dat premye jiyè pase a.
Desizyon sa a ouvè chemen an pou òm politik santris la kòmanse manda 6 zan n nan an desanm.
Flavio Rivera , yon jij nan tribinal elektoral la, pale pou l di:
“Plent yo pa gen fondman. Pi fò nan yo pa kenbe, yo vag, yo twò jeneral e san presizyon. Yo pa presi nan detay yo bay sou lè swadizan koken yo te fèt e sou fason yo te fèt la.”