Accessibility links

Breaking News

Viktim yon Eksplozyon nan Venezuela Monte Rive 41


Nan peyi Venezuela, jiska dimanch 26 out la sapè pompye t ap eseye etènn dife yon gwo eksplozyon nan pi gran rafinri petwòl peyi a.

Samdi ki sot pase a, eksplozyon an te touye omwen 39 moun, men kantite moun ki mouri yo monte rive a 41 dimanch 26 out la.

Prezidan Hugo Chavez te al vizite enstalasyon Amuay la e li rejte lide ki fè konprann se neglijans ki responsab eksplozyon an ak dife a.

Prezidan Chavez deklare:"Mwen ta trè tris— trè tris si gen kèk Venezuelyen ki ap sèvi ak la pèn, la pèn ki vlope nou, la pèn fanmiy yo , sakrifis viktim yo. Pou sa : Pou pwofite de sa. Sa ta brèman tris. Sepandan rezon pou pwoblèm sa a se sa ki pi enterese m pou le moman. Pou moman sa a menm"

Minis enèji Venezuela a, Rafael Ramirez di eksplozyon ki fèt samdi ki sot pase a, nan nòdwès Venezuela a ; se akoz yon fuit gaz. Otorite yo di sa ka pran omwen 2 jou ankò anvan yo kontwole dife a.

Dife a domaje plizyè santèn kay ak antrepriz ki te tou prè a.

Eksplozyon ki fèt o Venezuela a mete avèk femti rafinri ameriken ki bay sou gòlf Meksik la akoz tanpèt twopikal Isaac vin pwovoke yon ogmantasyon nan pri gazolin nan Ozetazini, yon ogmantasyon moun pa wè nan peyi a depi preske 4 mwa.
XS
SM
MD
LG