Accessibility links

Breaking News

Panama: Lapolis Boule Plis Pase 9 Tonn Nakotik


Lapolis nan Panama boule plis pase 9 tonn nakotik yo konfiske pandan divès operasyon.

Yon otorite lapolis di kokayinn te fè pati pi gran kantite dwòg yo detwi vandredi pase a, te gen tou Heroyinn ak Marijuana.

Komisè Manuel Moreno di dwòg yo te sezi a te soti nan yon chajman ki t ap kite Panama avèk yon pati pou konsomasyon lokal.

Panama deja sezi plis pase 16 tonn dwòg ane sa a. Panama kontinye ap lite kont trafik dwòg sou fwontyè li pataje avek Kolonbi.
XS
SM
MD
LG