Accessibility links

Breaking News

Atak tou pre Empire State Building nan New York : 2 Mò ak Plizyè Blese


 Pèsonèl sèvis dijans ap prese ale sou plas apre atak ki lakoz lanmò 2 moun e blese anpil lòt tou pre Empire State Building nan New York vandredi 24 out 2012 la. (Foto WABC-TV)
Pèsonèl sèvis dijans ap prese ale sou plas apre atak ki lakoz lanmò 2 moun e blese anpil lòt tou pre Empire State Building nan New York vandredi 24 out 2012 la. (Foto WABC-TV)
Nan New York, anpil moun blese tandiske gen youn ki mouri nan yon ensidan kote yon nèg te ouvè koutzam tou prè youn nan building ki pi wo nan vil la, an palan de Empire State Building. Sanble lapolis touye atakan an.

Daprè sous ki pwòch lapolis ak lajistis, sanble fiziyad sa a ta gen rapò avèk yon mezantant ki te pete nan biznis kote atakan an tap travay la e non avèk yon mouvman teworis kèlkonk. Chèn televizyon NBC site yon otorite lajistis li pa nonmen e ki ta di kòmkwa atakan an sanble se yon anplwaye yo te revoke nan lavèy (jedi 23 out 2012) e ki te genyen biwo li anndan building nan.

Daprè yon temwen ki pale ak chèn televizyon Fox News, yon dam ki te tou prè li resevwa yon bal nan ren; menm temwen an ajoute atakan an te fèmen je l pou l tire sou tout moun ki te devan n alawonnbadè. Gen 10 moun, pou pi piti, ki blese nan ensidan an; sepandan moun poko konnen egzakteman konbyen nan yo ki pran bal dirèkteman. Nouvèl yo di gen lòt moun ki resevwa chòk oubyen ki blese tou nan kouri ki te pete aprè fiziyad la. Chèn televizyon CNN rapòte yon ajan sekirite Empire State Building te rapouswiv atakan an, anvan lapolis te rive pote ranfò bay ajan sa a; finalman lapolis ouvè kout zam sou asasen an epi yo touye li.
XS
SM
MD
LG