Accessibility links

Breaking News

Siri: Lame Ranfòse Presyon an sou Rebèl yo nan Damas


Yon konbatan rebèl siryen ki blese - apre li te fin resevwa tretman nan yon lopital nan vil Alèp.
Yon konbatan rebèl siryen ki blese - apre li te fin resevwa tretman nan yon lopital nan vil Alèp.
Nan Siri, lame ap kontinye efò lap fè pou l repran kontwòl divès katye kapital la, Damas, nan men konbatan rebèl yo. Yon lòt kote, Obsèvatwa Dwamoun Siryen an --yon gwoup opozisyon ki baze nan vil Lond, nan La Grann Bretay-- fè konnen militè yo bonbade, jedi 23 out 2012 la, katye Daraya ki nan antre vil Damas, avèk yon zòn ki rele Moadamiye ki tou prè a. Aprè sa, lame te lanse yon operasyon kote sòlda ale fè fouy de kay an kay nan Daraya, alòske gwo batay tap dewoule nan Hajar al-Aswad, yon komin ki depann de kapital la.

Daprè obsèvatwa a toujou, yon afè de 100 moun pèdi lavi yo atravè tout peyi Siri pandan jounen jedi a –pami yo genyen 50 sivil ki tonbe nan Damas ak zòn ki alantou l yo. Jounal ameriken The Washington Post ekri pou l di dimansyon batay kap dewoule nan kapital la depase lontan goumen kap fèt depi kèk tan deja pou kontwòl vil Alèp, ki nan pati nò Siri.

Washington Post ajoute pi fò moun ki mouri nan Damas yo se sivil ki te disparèt ; yo jwenn kadav yo avèk mak ki montre yo te sibi zak kraze zo; kèk nan yo genyen gòj yo koupe oubyen twou bal nan tèt yo.
XS
SM
MD
LG