Accessibility links

Breaking News

Siri: Konba Rekòmanse nan Damas – 41 Moun Ta Mouri Mèkredi


Yon ti fiyèt siryèn ki te kouri kite kay li ak manm fanmi li akoz lagè kap sakaje peyi li, ap dòmi tou pre efè pèsonèl paran n yo nan yon zòn ki rele Bab Al-Salame, nan pwovens Azaz, avèk espwa li va antre nan yon kan refijye nan Tiki (23 out 2012).
Yon ti fiyèt siryèn ki te kouri kite kay li ak manm fanmi li akoz lagè kap sakaje peyi li, ap dòmi tou pre efè pèsonèl paran n yo nan yon zòn ki rele Bab Al-Salame, nan pwovens Azaz, avèk espwa li va antre nan yon kan refijye nan Tiki (23 out 2012).
Nan Siri, gwo batay fewòs ap dewoule nan kapital la, Damas, jedi 23 out la, nan moman gouvènman prezidan Bashar al-Assad la ap redi pou l dechouke fòs rebèl ki pran pozisyon nan vil la. Obsèvatwa Siryen pou Dwamoun nan –yon gwoup opozisyon ki baze nan vil Lond, ann Angletè-- fè Lavwadlamerik konnen 41 moun mouri nan jounen mèkredi a.

Daprè abitan vil Damas, operasyon militè gouvènman an lanse mèkredi a (kote ni sòlda ki te atè, ni avyasyon militè bonbade vil la), se operasyon ki pi tèrib moun wè depi lame te repran kontwòl divès katye nan men militan rebèl yo.

Pandansetan, nan vil New York, direktè afè politik Oganizasyon Nasyon Zini an, Jeffrey Feltman --ki se an menm tan Asistan Sekretè Jeneral pou afè politik-- pran lapawòl devan Konsèy Sekirite a pou l di sitiyasyon imanitè a nan Siri kòmanse bay l’ONU gwo kè-sote. Misye Feltman di –nap site :

“Se ak gwo kè-sote nap swiv deteryorasyon sitiyasyon imanitè a. Gen yon afè de 2 milyon 500 mil moun ki bezwen asistans imanitè dijans, tandiske kantite moun ki kouri kite zòn kote yo tap viv yo, ak kantite siryen kap antre kòm refijye sou tèritwa peyi vwazen yo, pa sispann ogmante. “

Yon lòt kote, direktris ajans l’ONU pou afè imanitè a, Valérie Amos --ki t ale fè yon vizit nan Siri semèn pase a- fè konnen pandan 30 jou ki pase yo, ajans la te distribiye manje bay plis pase 820 mil moun sou tout tèritwa siryen an. Daprè li, sitiyasyon imaniyè a vin pi mal pase jan sa te ye lè li te vizite Siri nan mwa mas 2012 la.
XS
SM
MD
LG