Accessibility links

Breaking News

20 Jèn ki Sòti ann Ayiti ap Patisipe nan Pwogram Depatman Deta "Youth Ambassadors" la


Dalou Andressol, Bellevue P. Cosny, Lordanie Theodore, Darline Emmanuella, Soune Lovely Zamor, Dora Rose, Ivens Dalmacy and Rootchaire
Dalou Andressol, Bellevue P. Cosny, Lordanie Theodore, Darline Emmanuella, Soune Lovely Zamor, Dora Rose, Ivens Dalmacy and Rootchaire
Yon gwoup 20 jèn ki gen ant 15 e 18 tan, ap patisipe nan yon pwogram Depatman deta ameriken patwone e ki rele “Youth Ambassadors,” ou Anbasadè Lajenès.

Pwogram sa a reyini elèv lekòl segondè ki gen chèf dekip akonpaye yo e ki sòti nan 25 peyi nan Amerik yo.

Objektif pwogram nan se ankouraje konpreyansyon mityèl, ogmante kapasite lidèship jèn yo, e prepare yo pou yo fè la diferans nan kominote kote y ap viv la.

Anviwon 400 jèn ki sòti nan Amerik yo patisipe nan pwogram sa a chak ane. Pandan dire pwogram nan, patisipan yo abite ansanm ak kèk fanmi amerikèn, yo pran pa nan aktivite ki gen rapò ak edikasyon sivik, sèvis kominotè e aktivite ki gen rapò ak devlopman lidèship.

Kèk nan jèn ayisyen kap patisipe nan pwogram “Youth Ambassadors” la bay Lavwadlamerik yon entèvyou.

Pami entèvenan yo, genyen Pierre Cosni Bellevue ki sòti Jacmel; Dorinvil Anaïla ki sòti Pòtoprens; Jean Béloni Fortuné ki sòti Laboule; Schedna Bazile ki sòti Cap-Haïtien; e Cindy Frédéric ki se yon lidè ki akonpaye jèn yo.

Klike sou lyen ki agoch atik la pou w koute entèvyou jèn ayisyen yo bay Direktè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Ronald César.
XS
SM
MD
LG