Accessibility links

Breaking News

Avètisman Vis-Premye Minis Siri a kont Entèvansyon Militè Peyi Oksidantal yo


Vis Premye Minis siryen an, Qadri Jamil, fè konnen peyi oksidantal yo ap chache yon pretèks kèlkonk pou yo anvayi peyi li –yon bagay ki enposib, daprè li. Pandan Misye Jamil tap fè yon vizit nan vil Moskou, kapital Larisi madi 21 out 2012 la, li deklare si loksidan voye twoup militè nan Siri, sa tap pwovoke yon pi gwo lagè nan Mwayen Oryan an.

Vis Premye Minis siryen an rejte avètisman prezidan ameriken an, Barack Obama, lanse pou l di Lèzetazini kapab chanje politik li vizavi Siri si gouvènman prezidan Bashar al-Assad la itilize zam chimik nan atak kont mouvman ki leve kanpe kont rejim li a. Pou Misye Jamil, se tou senpleman yon pwopagann elektoral.

Li deklare:
"Sa raple nou istwa Irak kote yo te di genyen zam destriksyon massif. Jounen jodi a, nou konnen aprè Irak te tonbe, yo pat jwenn okenn zam destriksyon masif. Alòs, se yon pretèks loksidan ap chache pou l antre nan peyi nou an."

Vrèman vre, pandan Prezidan Obama tap pale ak laprès nan La Mezon Blanch lendi 20 out 2012 la, li te di itilizasyon zam chimik se yon kwa ki trase atè-a; e si Siri ta rive janbe kwa sa a, Lèzetazini tap chanje fason lap jere sitiyasyon an nan peyi sa a.

Sepandan, direktè yon sant detid ki baze nan Washington e ki travay sou jesyon enterè Lèzetazini nan Mwayen Oryan an, pwofesè Robert Satloff, panse avètisman Prezidan Obama a pa ale lwen ase pou l pwoteje popilasyon sivil la nan Siri.

Pwofesè Satloff deklare:
“Mesaj la vle di san itilizasyon zam chimik, Lèzetazini pap pase alaksyon; epi asasina pa bann e pa pakèt, menm si se asasina plis moun pase kantite ki te mouri nan Bosni Ezegovin nan, pap vle di anyen. Mwen panse mesaj ke sa voye bay Siryen yo, se yon mesaj ki nuizib e totalman negatif.

An menm tan tou, mwen apresye aspè pozitif avètisman an ki di, genyen aksyon Lèzetazini pap tolere nan men Siri, e li poze menas pou Lèzetazini fè yon entèvansyon militè laba a. Sepandan, kondisyon an tèlman limite pou sa; a pa de sa, Siri gen kat blanch pou l fè anpil move bagay san l pap genyen pou l peye okenn konsekans "
XS
SM
MD
LG