Accessibility links

Breaking News

Bimani : Eliminasyon Tout Kontwòl sou Travay Laprès


Gouvènman peyi Bimani an fè konnen lap sispann mete baboukèt sou près lokal yo ; sa vle di l ap sispann mande medya yo soumèt devan otorite yo tout sa y ap ekri pou kontwòl anvan piblikasyon.

Anons sa a vin elimine kontwòl Leta biman an sou laprès aprè plizyè dizèn dane kote otorite yo te mete baboukèt sou repòtaj nouvèl ak lòt fòm libète despresyon.

Ministè Enfòmayon Bimani an – ki te toujou kontwole tout sa moun tap bibliye sou jounal ou nan magazin- pale lendi a pou l di piblikasyon lokal yo pa gen obligasyon ankò pou yo voye kopi atik yo devan yon komisyon ki te la pou apwouve yo.
XS
SM
MD
LG