Accessibility links

Breaking News

Meksik: Transfè Tout Polisye ki t ap Asire Sekirite Ayewopò Entènasyonal Kapital la


O Meksik, lapolis federal ranplase tou lè 348 polisye ki te kantone nan ayewopò entènasyonal vil Meksiko a, apre yon ensidan ki te koze lanmò 3 moun.

Vrèmanvre, chanjman pèsonèl la rive 2 mwa apre yon boukantay koutzam kote 3 polisye te pèdi lavi yo anba men polisye parèy yo –sanble responsab lanmò sa yo ta mele nan trafik dwòg.

Otorite yo mete men sou youn pami 3 ajan polis yo sispèk ki ta mele nan zak sa a, tandiske 2 lòt toujou nan mawon.

348 polisye ki t ap asire sekirite ayewopò a transfere nan diferan pòs atravè peyi a.
XS
SM
MD
LG