Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) te mete sou pye, jedi nan Washington, yon reyinyon dijans pou l te pale de mezantant ki pete ant Lagrann Bretay ak Ekwatè aprè Kito te deside ofri azil diplomatik pou fondatè konpayi nouvèl an liyn Wikileaks, Julian Assange, ke lajistis Laswèd ap chache sou akizasyon deske li te komèt kadejak nan peyi a.
Anbasadris Salvadò a nan l’OEA, Maria Isabel Salvor, pale pou l di menas La Grann Breay fè pou l voye lapolis antre nan anbasad ekwatoryèn nan nan vil Lond pou arete Julian Assange, se tap yon aksyon ostil ki tap vyole dwa entènasyonal yo.
Madam Salvor deklare:
“Okenn otorite nan peyi kote yon anbasad ye, pa kapab pran daso lokal yon misyon diplomatik san li pa vyole gravman obligasyon ak angajman entènasyonal li, daprè sa k di nan trete ki tabli pami nasyon sivilize yo.”
Sepandan, yon pòtpawòl misyon obsèvatè La Grann Bretay nan l’OEA, Edgar Ugalde, rejte akizasyon ki di gouvènman britanik la ta vyole dwa entènasyonal nan sa ki konsène afè Assange la.
Daprè Misye Ugalde, obligasyon dwa entènasyonal yo bay La Grann Bretay, se pou l mete men sou Julian Assange epi ekstrade misye nan Laswèd pou l konparèt devan lajistis.
Pòtpawòl britanik ajoute:
“Nou pap bay Misye Assange okenn sof-kondui pou l kite tèritwa Wayòm Ini an; epi dayè pa gen okenn lwa ki mande pou n fè sa. La Grann Bretay pa rekonèt prensip azil diplomatik la, e an menm tan nou panse lide pou moun sèvi ak lokal anbasad Ekwatè a pou pèmèt Assange evite arestasyon ak ekstradisyon, se yon aksyon ki pa koresponn ak obligasyon entènasyonal Ekwatè, daprè konvansyon Vyèn sou dwa diplomatik. “
Yon lòt kote, sou menm dosye a toujou, yon pòtpawòl WIKILEAKS anonse Julian Assange genyen pou li parèt nan lakou anbasad Ekwatè a nan Lond, dimanch k ap vini la a, pou li fè yon deklarasyon pou laprès.