Plizyè milye moun ap kouri kite vil Azar, nan peyi Siri, aprè lame te lage bonm sou rejyon an ki anba kontwòl rebèl yo, nan moman misyon obsèvasyon l’ONU an preske rive nan bout li.
Vrèman vre, nan jounen jedi 18 out 2012 la, Konsèy Sekirite òganizasyon an anonse l ap kite manda misyon an nan Siri ekspire dimanch k ap vini la a ; sepandan li ta renmen tabli yon biwo politik nan peyi a.
Aktyèl prezidan konsèy la, anbasadè fransè a nan Nasyon Zini, Gérard Araud, fè konnen manm yo dakò pou yo rekonèt ke kondisyon pou yo ta renouvle manda misyon obsèvasyon an pa reyini.
Misye Araud di:
“Mwen panse opinyon jeneral la sè ke kondisyon pou nou ta kontinye misyon obsèvasyon nan Siri pa reyini ; men genyen tou yon antant sou nesesite pou n kite yon prezans l ONU nan Damas. Sou baz antant sa a, an tan ke prezidan Konsèy Sekirite a, mwen voye yon lèt bay Sekretè Jeneral la pou m di li nou pran nòt de sa l di nan yon korespondans li te voye ban nou, nou dakò ak pwopozisyon li fè a, asavwa nesesite pou nou tabli yon biwo lyezon nan Damas."
N ap raple ke 2 manm pèmanan Konsèy Sekirite a, Lachin ak Larisi, sèvi ak dwa veto yo plizyè fwa pou yo bloke rezolisyon ki ta kapab pèmèt l’ONU mete plis presyon sou Siri poutèt rejim Prezidan Bashar al-Assad la sèvi ak gwo zam lou kont popilasyon sivil la.
Yon pwòch kolaboratè prezidan Assad, Madam Bouthaina Shaaban kap vizite Peken, wete chapo l devan Lachin ak Larisi pou pozisyon yo pran vizavi kriz la nan Siri. Daprè li: “ kontrèman ak peyi oksidantal yo, Lachin ak Larisi pa konpòte yo kòm kolonizatè nan Siri”.