Accessibility links

Breaking News

Mezantant ant Ekwatè ak Grann Bretay sou Afè Julian Assange la


Gouvènman peyi Ekwatè a anonse, jedi 16 out 2012 la, lap ofri azil politik pou fondatè jounal an liyn Wikileaks, Julian Assange, ki te kouri lage kò l nan anbasad ekwatoryèn nan nan vil Lond nan mwa jen pase a, pou l te anpeche otorite yo mete men sou li epi voye l nan peyi Laswèd kote lajistis ap chache l pou l reponn kesyon deske li te komèt kadejak.

Moun t ap tann yon repons bò kote otorite Ekwatè yo aprè tansyon an te kòmanse monte, mèkredi a, ant gouvènman peyi sa a ak La Grann Bretay ki tonbe anba akizasyon deske li ta gen plan pou l fè lapolis anvayi anbasad ekwatoryèn nan pou yo arete misye Assange.

Ricardo Patino, minis afè etranjè ekwatoryen an, pa mete dlo nan bouch li pou l di gouvènman britanik la sa l panse si yon bagay konsa ta fèt.

Minis Patino deklare:

“Si desizyon yon ofisyèl ki travay nan sistèm kominikasyon La Grann Bretay la anonse a, ta vin verite, eben, Ekwatè t ap entèprete yon aksyon konsa kòm yon jès ik pa amikal, kòm yon aksyon ostil e entolerab; se tap yon atak kont souverènte Ekwatè. E sa t ap oblije nou reponn kif-kif e avèk aksyon diplomatik ki pi dyanm nan. “

La Grann Bretay asonse li pap bay sof-kondui pou pèmèt Julian Asange kite tèritwa l la; e gouvènman britanik la di li gen yon oblikasyon pou l ekstrade misye nan peyi Laswèd pou l jije kòmsadwa. Assange demanti akizasyon ki di li te komèt aktak seksyèl.
XS
SM
MD
LG