Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kritik 2 Palmantè Depatman Sid la kont Kreyasyon KEP a


2 senatè Depatman Sid peyi d Ayiti, Carlos Lebon ak Francky Exius, di yo gen gwo kè-sote apre desizyon ekzekitif la pran pou l fòme Konsèy Elektoral Pèmanan an san reprezantan palman an.

Daprè 2 palmantè yo, yon aksyon konsa kapab lage peyi a nan plis kriz; yo ajoute gouvènman an pran desizyon anplis pou l “satisfè dezi kèk peyi etranje ke pou l respekte sa ki di nan konstitisyon an”.

Yon lòt kote, yon lidè relijye katolik, Reveran Pè Eric Toussaint Gangas, lanse apèl pou l mande inite nan mitan ayisyen yo pou peyi a kapab leve anba kriz l ap travèse jounen Jodi a.

Daprè Pè Gangas toujou, Ayiti anba menas sa li rele “yon lit dè klas” e li ta bon tout moun mete ansanm pou evite sa rive.

Lidè relijye a te pale nan yon mès ki te dewoule devan yon afè de mil fidèl, avèk patisipasyon 40 prèt, nan jounen mèkredi 15 outla, fèt Notre Dame, patwòn Ti Gwav.

Klike sou ikon pou w koute detay nouvèl sa yo avèk korespondan nou nan vil Okay Jean-Hernst Eliscar, epi korespondan nou nan vil Ti Gwav, Montigène Sincère.
XS
SM
MD
LG