Accessibility links

Breaking News

30 Moun Mouri nan yon Atak ki fèt nan Afganistan


Nan Afghanistan, otorite yo fè konnen atak kamikaz touye apeprè 30 moun nan yon vil ki abitye byen pezib nan sidwès Afganistan.

Plis pase 70 lòt blese nan atak ki fèt nan Zaranj, kapital pwovens Nimroz. Otorite yo di pifò viktim yo se sivil. Te gen Fòs sekirite tou pami moun ki mouri yo.

La polis rapòte omwen 3 kamikaz te lanse yon seri atak kowòdone nan diferan pati nan vil la, pami yo yon mache kote ki gen anpil aktivite.

Fòs sekirite yo te mete men sou 3 lòt atakan e yo te tire 5 anvan yo te ka eklate vès eksplozif ki te sou yo a.

Pako gen pèsonn ki pran responsabilite pou atak zak sa yo.
XS
SM
MD
LG