Dimanch 12 out 2012 la, dènye jounen jezolenpik yo nan vil Lond, ann Angletè, moun te asiste kèk konpetisyon trè zenteresan anvan seremoni ki ta pral mete fen nan randevou lemond gen chak 4 tran ak atlèt ki sòti tout kote sou late.
Fanatik ameriken yo te kontan onnpepli aprè viktwa ekip basketball Lèzetazini an (sa yo rele depi nan mitan ane 80 yo ”dream team nan” ou «ekip de rèv la) ranpòte laviktwa an final sou Lespay pou l pase men pran meday dò a ; ak rezilta sa a kantite meday dò ameriken yo ranpote nan jezolenpik sa yo monte rive 46.
Nan menm jounen dimanch la, nan disiplin maraton kategori gason an, Stephen Kiprotich, sitwayen peyi Ouganda, fini kous la anvan tout moun pou l pèmèt peyi li mete men sou premye meday dò li nan 40 tan.
Oganizatè yo te fè prepare prensipal stad olenpik la pou dewoulman seremoni final la. Yo te pouse yon ”ouf” soulajman lè yo te konstate pat genyen pyès pwoblèm ni nan nivo transpò, ni nan nivo sekirite, malgre kèsote yo te genyen okòmansman pou yon bagay mal pat rive, pou pat genyen derapaj.
Premye Minis David Cameron pat pran tan pou l bay evalyasyon pèsonèl li sou òganizasyon olenpyad yo nan kapital britanik la.
Li deklare:
“Jodiya, nan moman Jezolenpik Lond yo rive nan yon fen --kote La Grand Bretay okipe 3èm pozisyon an pou kantite medya li ranpòte-- mwen panse yon moun bezwen kèk mo sèlman pou l rezime sitiyasyon an; mo sa yo se: “Lond kenbe pwomès li”, oubyen “Lond fè yon bon travay”. Nou montre lemond antye ki moun yo rele nou; nou fè tèt nou sonje kisa nou kapab fè. E wi ; nou montre tout moun ke yo pa dwe janm mete nan tèt yo ke La Grand Bratay elimine, li pèdi chanpyona a. An fèt, yon moun kapab di ke pawòl ki fè konnen “pi gwo manm nan ekip britanik la, sete piblik nou an, sete yon senp piblisite; ebyen, an reyalite sa tounen yon gwo verite.”
Nouvèl yo fè konnen gouvènman britanik la depanse yon total de 14 milya dola pou òganizasyon 30èm olenpyad yo -swa 3 fwa plis ke depans yo te prevwa okòmansman. Lèzetazini se peyi ki ranpòte plis meday nan jezolenpik yo avèk 104 an tou; an dezyèm pozisyon nou jwenn Lachin.
Nan fen seremoni final la, Lond pase mayèt la bay Rio de Janeiro, vil brezilyèn ki pral genyen pou òganize pwochen jezolenpik dete yo nan lane 2016.