Accessibility links

Breaking News

Etazini - Politik: Kanpay Elektoral la ap Chofe aprè Kandida Repibliken Mitt Romney fin Chwazi Kolistye li, Depite Paul Ryan


Ozetazini, kandida pati repibliken an pou plas prezidan an, Mitt Romney, ak pèsonalite li chwazi kom kolistye a (sètadi kandida pou plas vis-prezidan an), Paul Ryan, prezante tèt yo kòm yon ekip ki kapab pèmèt ekonomi amerikèn nan rekanpe sou pye l.

Dimanch 2 zòm yo te ale nan Kawolin di Nò kote yo tanmen yon toune kap mennen yo nan divès eta ameriken. Obsèvatè yo panse Kawolin di Nò se yon eta ki trè zenpòtan pou detèmine ki kandida ki pral ranpòte eleksyon prezidansyèl novanm 2012 la.

Misye Romney –ki tap pale ak yon foul patizan dimanch, nan vil Mooresville, di politik ekonomik ke li menm ak misye Ryan ap prepare a, pral remete ekonomi amerikèn nan sou wout pwogrè.

Misye Romney fè konnen:

« Mwen pote bon nouvèl pou nou: Sè ke peyi a pral rekòmanse mache ak tout fòs nan bon direksyon an. »

Pandansetan nan Washington, analis politik yo fè deba sou konsekans chwa Paul Ryan nan kapab genyen sou chans Mitt Romney pou l ranpote eleksyon an. Bò kote pa l, chèf kanpay elektoral Prezidan Obama-a, David Axelrod, fè konnen li prevwa chwa sa a pral nui chans Misye Romney, paske Paul Ryan pa fè pati kouran santral politik amerikèn nan –li plis fè pati elit la ke klas mwayèn nan.

Misye Axelrod di :
"Se yon chwa ki fèt pou satisfè sektè ki pi devan bann nan nan kan repibliken an; men se yon chwa ki ta dwe lage latwoublay nan lespri tout lòt moun: klas mwayèn nan, gran moun aje yo, etidyan yo …. akoz dosye Paul Ryan. Se yon ideyològ ekstrèm dwat. "
XS
SM
MD
LG