Accessibility links

Breaking News

Toune Sekretè Deta Hillary Clinton ann Afrik Mennen Li nan Afrik di Sid


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, danse nan yon dine tokay sid afriken li a, Maite Nkoana-Mashabane, te òganize pou li nan vil Johannesbourg.

Chèf diplomasi amerikèn nan fè yon ti siyepye pandan yon foul patisipan t ap rejwi e bat bravo.

Madan Clinton rive nan Afrik di Sid nan mitan yon virewon 11 jou ki deja mennen li nan peyi Senegal, Ouganda, Soudan Sid, Kenya ak Malawi.

Nan Cape Town mèkredi, chèf diplomasi amerikèn nan ap prezide yon seremoni kote Lezetazini pral kòmanse remèt Sid Afriken yo kontwòl administratif yon pwogram sou tretman SIDA.
XS
SM
MD
LG