Accessibility links

Breaking News

Chèf Diplomasi Amerikèn nan ap Kontinye yon Toune sou Kontinan Afriken an


Sekretè-Deta Hillary Clinton twouve l an Afrik di Sid kote lap rankontre, madi 7 out 2012 la, avèk manm gouvènman an e ak dirijan sektè komès ak endistri a. Madam Clinton ap fè chita-tande nan jounen an ak Minis Afè Etranjè sid-afriken an, Maite Nkoana-Mashabane, nan okazyon 2èm dyalòg estratjik anyèl ant Lèzetazini ak Afrik di Sid kap dewoule nan vil Pretoria.

Chèf diplomasi amerikèn nan pa sispann fè pwomosyon pou echanj komèsyal pandan toune lap fè sou kontinan afriken an, kote l ap vizite divès peyi. L ap pase 4 jou ann Afrik di Sid, ki se pi gwo ekonomi sou kontinan an e reprezante yon gwo mache pou pwodui ameriken. An menm tan, Sekretè Deta a ap chache apui Afri di Sid, ki se yon manm Konsèy Sekirite Nasyon Zini-an, pou efò kap fèt pou chache rezoud kriz politik ki poze nan peyi Siri a.

Lendi 6 out la, Hillary Clinton te rankontre ak ansyen Prezidan sid-afriken e loreya Pri Nobèl Lapè Nelson Mandela nan vilaj Misye Mandela a, ki rele Kounou. Ansyen prezidan an, ki genyen 94 zan, pa tèlman jwo bòn sante e se raman moun wè li an piblik jounen jodiya.
XS
SM
MD
LG