Accessibility links

Breaking News

Lejip Ranfòse Sekirite a Sou Preskil Sinayi a


egypt
egypt
Nan Lejip, otorite lame fè konnen aviyasyon militè peyi a lanse yon operasyon kont moun yo sispèk kòm militan k ap opere nan Preskil Sinayi a, aprè enkoni te lanse atak tou nèf sou kèk pòs ak avan-pòs militè nan rejyon an. Daprè menm sous la, atak ayereyen sa yo, ki fèt byen bonè mèkredi, touye 20 militan.

Operasyon sa a dewoule kèk èdtan sèlman aprè militan te atake kèk pòs militè nan vil El-Arish, sou yon distans 50 kilomèt konsa avèk fontyè Lejip pataje ak Izrayèl epi Bann Gaza a.

Toujou konsènan sitiyasyon an sou Preskip Sinayi a, lame ejipsyèn ak Prezidan Muhammed Morsi pran angajman pou yo mete plis kontwòl sou rejyon fwontyè sa a aprè yon atak ki te fèt nan Sinayi a dimanch pase, te touye 15 gad fwontyè ejipsyen.

Gouvènman an nan Lekèr di militan ki te lanse atak sa a tap eseye travèse fwontyè a pou yo antre ann Izrayèl.
XS
SM
MD
LG