Accessibility links

Breaking News

Tennis: Amerikèn Serena Williams Bat Maria Sharapova Pou Meday Lò Je Olenpik Lond Yo


Serena Williams k ap retounen sèvis ris Maria Sharapova pandan final tenis medam yo nan vil Lond ann Angletè. 4 out 2012.
Serena Williams k ap retounen sèvis ris Maria Sharapova pandan final tenis medam yo nan vil Lond ann Angletè. 4 out 2012.

Amerikèn Serena Williams antre nan listwa samdi 4 out la kòm dezyèm atlèt fi apre almand Steffi Graf (1988) ki, apa ranpòte nan karyè yo tou lè 4 tounwa tennis Grand Chelèm yo, mete tou nan palmarès yo yon meday lò Olenpik. Serena pran meday lò Je Lond 2012 yo nan final konpetisyon tennis senp-dam nan devan Ris Maria Sharapova ke 'l elimine 6-0, 6-1.

Se premye fwa Serena ranpòte meday lò nan yon Je olenpik nan kategori tennis senp-dam nan, malgre li pran meday lò a deja (nan Je olenpik 2004-2008 yo) nan kategori doub-dam la avèk sè li, Venus.

Nimewo 4 mondyal la te domine nèt rival li a, ris Maria Sharapova, ke fè bèk atè nan yon match ki te dire sèlman 62 minit. Serena Williams te reyalize 10 aces--sèvis rapid advèsè a pa rive retounen--e komèt sèlman 7 erè envolontè nan dyèl la. Kounye a, sou 14 tit chanpyon Grand Chelèm li yo, amerikèn nan mete yon lòt tit plen prestij nan palmarès li: Chanpyòn Olenpik Tennis 2012 Lond yo.

XS
SM
MD
LG